Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 15:54 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè: “Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

54 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

参见章节 复制




1 Korent 15:54
12 交叉引用  

Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò.


Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle.


Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.


Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri.


Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi.


Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.


Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a.


L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”


跟着我们:

广告


广告