Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 15:51 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

51 M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje,

参见章节 复制




1 Korent 15:51
13 交叉引用  

Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè.


Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite.


Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou.


Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li.


Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.


Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la.


Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa.


Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la.


Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.


跟着我们:

广告


广告