1 Korent 15:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. 参见章节1998 Haïtienne13 Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 参见章节 |
Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.
Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!