Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?

参见章节 复制




1 Korent 14:7
7 交叉引用  

Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou, ou pa danse. Nou chante chan fin eray pou ou, ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.


Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di: Nou jwe mizik ak flit pou nou, nou pa danse. Nou chante chan ki tris pou nou, nou pa kriye.


Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri.


Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman.


Si twonpèt la pa bay son klè pèsòn p ap prepare yo pou y al nan lagè.


跟着我们:

广告


广告