Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Mwen dakò pou nou tout pale langay. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Moun k'ap bay mesay konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langay, esèpte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.

参见章节 复制




1 Korent 14:5
13 交叉引用  

Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann.


An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri.


Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy.


Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi.


Priyè w la te mèt yon bèl priyè de remèsiman, epi li pa ede okenn lòt moun grandi.


跟着我们:

广告


广告