Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?

参见章节 复制




1 Korent 14:16
30 交叉引用  

Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo.


Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.


Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.


Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”


Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi.


Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.”


Si m ap priye an lang, se lespri k ap priye, men entèlijans mwen p ap travay.


Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a.


Mwen renmen nou tout nan Jezikris.


Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa.


Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.” Amèn! Vini non, Senyè Jezi!


Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.


Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”


跟着我们:

广告


广告