1 Korent 14:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Se sa k fè nou menm ki anvi gen don espirityèl yo, se pou nou fikse kè nou sou don k ap fè legliz la vin pi fò yo. 参见章节1998 Haïtienne12 Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki sòti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la. 参见章节 |
Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.