Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Y ap disparèt paske konesans nou gen kounye a limite anpil, menm ata pwofesi yo gen limit yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati;

参见章节 复制




1 Korent 13:9
16 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Jan Bib la di sa: “Ki moun ki ka konnen sa k nan panse Senyè a? Ki moun ki ka ba l konsèy?”


Men lè jou pèfeksyon va rive, tout sa ki pa pafè gen pou disparèt.


Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen.


Men sa Bib la di: “Se bagay je pa janm wè, zòrèy pa janm tande, bagay moun pa ko menm imajine sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”


Moun ki met nan tèt yo se moun save yo ye dwe reyalize yo pa t ko kòmanse konnen jan yo ta dwe konnen.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a.


跟着我们:

广告


广告