Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri, epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

参见章节 复制




1 Korent 13:3
22 交叉引用  

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj nan manto yo pi long pase pa lòt moun.


Lè Jezi tande sa, li di nonm nan: “Gen yon sèl bagay ki rete pou fè. Vann tout sa ou genyen, distribye lajan an bay pòv, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”


Pyè pran lapawòl, li di: “Gade kijan nou menm nou kite tout sa nou te genyen pou n swiv Bondye kapab fè yo.”


Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”


Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.


Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”


Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen.


Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi.


Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”


Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.


Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou.


Ekzèsis fizik yo bon pou kò a, se vre, men, lè w fè ekzèsis pou w fè Bondye plezi, sa pi bon toujou. Paske li garanti w ni lavi kounye a, ni lavi etènèl.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


跟着我们:

广告


广告