Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

参见章节 复制




1 Korent 13:13
43 交叉引用  

Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w; epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”


Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”


Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.


Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi.


Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè.


Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li.


Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm.


Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.


Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.


Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt.


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.


Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire.


Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.


Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè.


Esperans nou genyen an se tankou yon lank bato pou lavi nou. Li fikse byen solid. Li travèse rido Tanp lan.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon.


Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou papa yo, paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo, paske nou gen fòs. Pawòl Bondye a rete nan nou, epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou.


Epi nenpòt moun ki genyen esperans sa a nan kris la, li kenbe tèt li pwòp menm jan ak Jezikris.


Nenpòt moun ki soti nan Bondye p ap kontinye fè peche, paske nouvo lavi Bondye ba li a rete nan li, li pa kapab ap fè peche, paske se nan Bondye li soti.


跟着我们:

广告


广告