Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Epi, pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.

参见章节 复制




1 Korent 13:12
20 交叉引用  

Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la.


Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp, yo gen pou yo wè Bondye.


Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo.


Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan.


Lè m te timoun mwen te pale tankou yon timoun, mwen te panse tankou yon timoun, mwen te rezone tankou yon timoun. Kounye a mwen vin granmoun, mwen sispann aji tankou yon timoun.


Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.


Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.


Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè.


Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè.


Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye.


Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a.


Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo.


跟着我们:

广告


广告