Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.

参见章节 复制




1 Korent 13:1
22 交叉引用  

Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.


Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann.


Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa?


Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans.


Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal.


Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a.


Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye.


Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.


Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe.


跟着我们:

广告


广告