Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 12:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Nou chonje, lè nou pat ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pat kapab pale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou konnen ke lè nou te payen, nou te mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou.

参见章节 复制




1 Korent 12:2
15 交叉引用  

Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”


Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.


Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman.


Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo.


Nan tan lontan, nou te gaspiye twòp tan nan mennen yon kalite lavi ki sanble ak sa moun ki pa konnen Bondye yo ap viv. Nou te konn viv nan libètinay, nan pote lanvi sou sa lòt moun genyen, nan bwè tafya, nan banbòch ak nan sèvi zidòl.


跟着我们:

广告


广告