Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 12:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

参见章节 复制




1 Korent 12:11
18 交叉引用  

Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.


Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?


Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l.


Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”


Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se kon sa Pitit la bay moun li vle lavi tou.


Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li.


Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.


Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a.


Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri.


Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.


Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv.


Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.


Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a.


Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.


Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li.


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


跟着我们:

广告


广告