1 Korent 11:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 参见章节1998 Haïtienne25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l pou nou ka chonje mwen. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 参见章节 |
Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!