Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 11:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen kon sa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n manje, pou n bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, eske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.

参见章节 复制




1 Korent 11:22
10 交叉引用  

Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen.


Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a.


Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l kon sa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.


Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a.


poutèt, si m pa ta kapab vini touswit, ou va konnen kijan pou chak moun konpòte l nan fanmi Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a.


Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?


跟着我们:

广告


广告