Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 11:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.

参见章节 复制




1 Korent 11:19
19 交叉引用  

Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.


Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive.


Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”


Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.”


Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo.


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo.


Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup.


Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”


Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo.


Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.


Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd.


sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri.


Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


跟着我们:

广告


广告