Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Senyè nou an, va rive.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.

参见章节 复制




1 Korent 1:8
29 交叉引用  

Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se kon sa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an.


Se ekzakteman kon sa bagay yo ap ye lè Pitit Lòm nan retounen.


Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo toutbon.


Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun.


Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.


Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann.


Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.


Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li.


Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo.


pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an.


Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.


Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li.


Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit.


Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a.


Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.


Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid.


Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.


Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye.


跟着我们:

广告


广告