Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Pandan n'ap viv ansanm ak Kris la, Bondye fè nou rich nèt, li ban nou tout kalite kado: kado sa yo penmèt nou preche pawòl la tout jan epi yo ban nou anpil konesans.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans,

参见章节 复制




1 Korent 1:5
27 交叉引用  

Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.


Fot Jwif yo fè a pote anpil benediksyon pou lemonn, pou moun ki pa Jwif yo. Konsa nou ka imajine ki pi gran benediksyon sa va ye pou lemonn, lè ta gen ase Jwif ki ta vin tounen kalite moun Bondye vle yo ye!


Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy.


Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans.


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal.


Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt.


Konsa konesans ou a lakoz kwayan sa a ki pa menm gen konesans avèk ou a pèdi lafwa l. Antan yon frè, Kris te mouri pou li tou.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.


Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.


Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.


Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.


Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen.


Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,


Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.


Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis.


Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告