Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 1:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa Kris la p ap pèdi puisans li!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Epitou, Kris la pa te voye m' batize moun. Li voye m' anonse Levanjil. Epi se pou m'anonse li san m'pa bezwen nan bèl diskou ki chita sou bon konprann lèzòm, diskou ki ta desann valè lanmò Kris sou lakwa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.

参见章节 复制




1 Korent 1:17
13 交叉引用  

Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis.


Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo.


Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.


Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save.


Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.”


Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


跟着我们:

广告


广告