Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 1:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, eske se nan non Pòl yo te batize nou?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul?

参见章节 复制




1 Korent 1:13
15 交叉引用  

Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.


Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi.


Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou.


Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a.


Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.


Konsa pyès moun pa ka di se nan non Pòl yo te batize.


Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm anba nyaj la ak nan lanmè a.


Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.


Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la.


Gen yon sèl Senyè, yon sèl fwa, epi yon sèl batèm.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


跟着我们:

广告


广告