Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.”
Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.
Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.”
Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache.