Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.

参见章节 复制




1 Jan 4:4
28 交叉引用  

Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen.


L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.


Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.


Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou?


Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou.


Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.


Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye, epi Senyè a se pou li.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


Pou fin i, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


M ap ekri nou lèt sa a, papa yo, paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an. M ap ekri nou, nou menm ki jèn, paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


Men kijan nou ka konnen n ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan nou: Li te pataje Lespri li ak nou.


Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.


Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se kon sa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.


Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan.


Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou.


Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò.


跟着我们:

广告


广告