Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 4:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.

参见章节 复制




1 Jan 4:20
9 交叉引用  

Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”


Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike.


Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.


Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou.


Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a.


Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun kon sa kapab di lanmou Bondye rete nan li?


Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen youn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.


跟着我们:

广告


广告