Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 4:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

参见章节 复制




1 Jan 4:11
14 交叉引用  

Doktè lalwa a reponn: “Nonm ki te gen kè sansib pou li a.” Epi Jezi di li: “Ebyen, ale, montre kè sansib tou pou nenpòt moun ki nan bezwen.”


M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an.


Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis.


Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou.


Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a.


Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt.


Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt.


跟着我们:

广告


广告