Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 3:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Si konsyans nou kondannen nou, kidire pou Bondye ki siperyè lontan pase konsyans nou? Li konnen tout bagay.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

参见章节 复制




1 Jan 3:20
23 交叉引用  

Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?” Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.”


Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la.


Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo.


Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikris te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou.


Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.


Yon moun konsa, se yon moun ki pran move chemen, se peche l ap komèt yo menm k ap kondane l.


Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.


Bondye te fè Abraram pwomès. Men kòm pa gen pèsonn ki pi wo pase l, Bondye te sèvi ak pwòp non l kòm sèman pou bay garanti pou pwomès la.


Konsa, n ap sèten nou se moun ki nan verite a epi devan Bondye, n ap gen konsyans nou klè.


Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.


跟着我们:

广告


广告