Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 2:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:

参见章节 复制




1 Jan 2:5
32 交叉引用  

Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”


Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.


Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.


Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo.


Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.


Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè.


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


Konsa, si lanmou Bondye a total nan nou, nou p ap tonbe nan laperèz lè jou a rive pou Bondye jije mond lan.


Pa genyen laperèz nan lanmou; lanmou toutbon vre a mete laperèz deyò, paske lè nou pè, se chatiman Bondye nou pè. Moun ki gen laperèz la pa genyen lanmou Bondye a toutbon vre.


Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.


Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.


Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.


跟着我们:

广告


广告