Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.

参见章节 复制




1 Jan 2:4
13 交叉引用  

Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


Paske gen yon seri moun ki pa vle koute pèsòn, sitou pami kwayan Jwif yo. Y ap bay yon bann vye diskou ki pa chita sou anyen, y ap twonpe moun yo.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.


Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.


Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a.


Nenpòt moun ki rete nan li pa kontinye nan peche; nenpòt moun ki kontinye nan peche pa t janm konprann Kris vrèman, epi li pa t menm konnen l.


Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


跟着我们:

广告


广告