Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 2:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pèsonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.

参见章节 复制




1 Jan 2:27
28 交叉引用  

Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant.


Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.


Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.


Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini.


Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”


Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen.


Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.


Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a.


Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li.


Poutèt nou te tande pale de Jezi, epi yo te anseye nou verite a ki nan Kris la.


Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l.


Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.


Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase.


Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini.


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告