Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 2:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.

参见章节 复制




1 Jan 2:25
25 交叉引用  

y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.”


Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm.


Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”


Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”


Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen.


Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl.


Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a.


Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl.


Men, Jezi fè m gras, li sèvi ak mwen pou montre kijan l gen pasyans. Li fè m tounen yon egzanp pou moun ki dwe kwè nan li, pou yo kapab genyen lavi etènèl.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Konsa, se ekonomi y ap fè pou pita, yon trezò ki bèl epi solid, y ap resevwa lavi toutbon vre a.


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche epi Bondye adopte nou. Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye, moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.


Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.


跟着我们:

广告


广告