1 Jan 2:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil18 Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. 参见章节1998 Haïtienne18 Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men kounyeya, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 参见章节 |
Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.