Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la fin fè l avèg.

参见章节 复制




1 Jan 2:11
16 交叉引用  

Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.


“Li fè yo avèg epi li fè kè yo di pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann nan kè yo, pou yo pa ta vire vin jwenn mwen, pou m ta geri yo.”


Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la, vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Men, moun ki pa grandi nan domèn sa yo, yo avèg. Yo pa wè klè sa yo genyen. Yo bliye Bondye te netwaye peche yo te genyen yo.


Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.


Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon.


Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a.


Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.


Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.


Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni!


跟着我们:

广告


广告