Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Jan 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.

参见章节 复制




1 Jan 1:6
25 交叉引用  

Nan jou jijman an, anpil moun pral di: Senyè, Senyè èske nou pa t pwofetize nan non w? Èske nou pa t chase demon nan non ou? Èske nou pa t fè anpil mirak nan non ou?


Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”


Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.


Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.


Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt.


Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn.


Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen.


Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè.


Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.


Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris.


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou.


Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.


跟着我们:

广告


广告