Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 9:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.

参见章节 复制




Zakari 9:8
39 交叉引用  

Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”


Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo.


Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.


Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.


Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.


Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.


Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.


Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.


SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.


Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.


Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.


Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.


Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.


Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.


Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:


Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.


Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”


Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo, e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a, Bondye Ou a.


Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg.


Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.


Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.


Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.


Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’


Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.


跟着我们:

广告


广告