Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Gade byen, SENYÈ a va rache tout sa li posede, e jete tout richès li yo nan lanmè. Li va devore nèt ak dife a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Men, Senyè a pral pran lavil la pou li. Li pral voye tout richès li yo nan lanmè. Dife pral boule lavil la nèt.

参见章节 复制




Zakari 9:4
14 交叉引用  

Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.


Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.


Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo.


Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”


Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.


Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo, nan enjistis de komès ou a, ou te pwofane sanktyè ou yo. Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou. Li fin manje ou nèt. Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a devan zye a tout moun ki wè ou yo.


“Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—


Yo va mennen ou desann nan twou fòs la, e ou va mouri lanmò a sila ki touye nan kè lanmè yo.


Anplis, Mwen va vann fis nou yo ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo, yon nasyon byen lwen,” paske SENYÈ a fin pale.


Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”


Askalon va wè l e vin pè. Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; epi Ékron, pou sa li te atann va desi. Anplis ke sa, wa a va peri Gaza e Askalon va vin pa gen moun.


跟着我们:

广告


广告