Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 9:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Senyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Senyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle sòti nan sid.

参见章节 复制




Zakari 9:14
28 交叉引用  

Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.


Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.


Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.


Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.


Pwofesi konsènan dezè lanmè a. Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan.


Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.


SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.


Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.


Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, e cha Li yo va tankou van toubiyon. Li va rann kòlè Li ak gwo raj e repwòch Li ak flanm dife.


Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.


Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.


Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.


Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la.


Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.


epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.


Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.


Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.


Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.


跟着我们:

广告


广告