Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 9:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Senyè a di: — M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè.

参见章节 复制




Zakari 9:10
33 交叉引用  

Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.


Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.


Mòn yo va pote lapè a pèp la, e kolin yo, fwi ladwati a.


Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.


Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri; wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.


Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”


Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.


Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.


A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.


Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.


Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.


Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’


Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.


Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Lefrat la, pou jis rive nan lanmè lwès la.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


跟着我们:

广告


广告