Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 8:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Wi, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

参见章节 复制




Zakari 8:23
35 交叉引用  

Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.


Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.


Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li.


Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon jou fèt. Epi anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif yo, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo.


Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.


Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.


Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,


Paske sèt fanm va kenbe yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”


Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”


Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.


Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.”


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.


“Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.


Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, e lè li va mache nan palè nou yo. Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.


Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.


jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.


Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.


Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.


跟着我们:

广告


广告