Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.