Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.

参见章节 复制




Zakari 5:4
19 交叉引用  

Anyen pa rete nan tant li ki pou li; souf gaye toupatou sou abitasyon li.


Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.


Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.


Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”


Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.


Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.


Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.


“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”


Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li.


Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


“Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò.


Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”


Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.”


跟着我们:

广告


广告