Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”
lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.
Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.