Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 ‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou!

参见章节 复制




Zakari 2:7
13 交叉引用  

Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”


“Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan; Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.


Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”


Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.


Souke leve kò ou sòti nan pousyè a, O kaptif Jérusalem nan! Retire chenn sa yo nan kou ou, O fi kaptif a Sion an.


“Detounen kite mitan Babylone! Sòti nan peyi Kaldeyen yo. Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.


“Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.


“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.


Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.


Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”


Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”


Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”


Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.


跟着我们:

广告


广告