Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Senyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.

参见章节 复制




Zakari 2:5
28 交叉引用  

Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm. Bondye va ede li vin parèt nan maten.


Mache toupatou nan Sion e antoure li. Konte fò wo li yo.


Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.


Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.


Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”


“Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.


Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.


Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.


SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.


Konsa lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath.


“Pou sa, pwofetize, fis a lòm e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa?


Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.


Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo.


Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’


Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a.


Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.


Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.


“yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告