Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Senyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò.

参见章节 复制




Zakari 2:12
19 交叉引用  

men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”


“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”


Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.


“Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan. Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.


Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.


Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.


SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la.


Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.


ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo, e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou: ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou e Mwen pa t rejte ou.’


Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.


Pòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.


“Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”


SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”


Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.


Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.


跟着我们:

广告


广告