Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Gadò yo ban m degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pat vle wè m.

参见章节 复制




Zakari 11:8
25 交叉引用  

Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a. Li te vin rayi eritaj Li a.


Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.


Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo. Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.


Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.


Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”


pou M ka kenbe kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”


Ou se fi a manman ou, li te rayi mari li ak pitit li. Ou se, anplis, sè a sè ou yo, ki te rayi mari yo ak pitit yo. Manman ou te yon Etyèn e papa ou te yon Amoreyen.


Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.


Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou.


Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.


Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.


“Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!


“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’


“Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou.


“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.


SENYÈ a te wè sa e te meprize yo akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.


Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”


跟着我们:

广告


广告