Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 11:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l la. Se pou bra l vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.

参见章节 复制




Zakari 11:17
28 交叉引用  

Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li.


Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.


Se kilès ki te fòme yon dye, oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?


Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.


Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a:


“Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.


“Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?


Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kòn fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje.


SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


“Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’


“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”


Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”


Alò, Kisa? Sa ke Israël ap cheche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin di nan kè.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Gade byen, jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou.


跟着我们:

广告


广告