Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 11:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.

参见章节 复制




Zakari 11:16
16 交叉引用  

“Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo.


Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri.


Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.


Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.


Men si yo te konn kanpe nan konsèy Mwen an; alò, yo t ap anonse pawòl Mwen yo a pèp Mwen an pou fè yo vire fè bak kite wout mechan yo, ak mechanste a zak pa yo.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont bèje yo, Mwen va egzije mouton Mwen yo nan men yo, e fè yo sispann bay manje a mouton yo. Konsa bèje yo p ap bay pwòp tèt yo manje ankò, men Mwen va delivre bann mouton Mwen an soti nan bouch yo, pou yo ka pa sèvi kon manje pou yo ankò.”


“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’


Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje,


“Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.


Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.


跟着我们:

广告


广告