15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.
15 Apre sa, Senyè a di m: — Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.
“Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.
Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”
Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?