Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Mwen pral bay pèp mwen fòs kouray ankò. Y'a sèvi m, y'a fè lwanj mwen. Se Senyè a menm ki di sa!

参见章节 复制




Zakari 10:12
18 交叉引用  

“Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.


Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.


Vini lakay Jacob; annou mache nan limyè SENYÈ a.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.


Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò.


Malgre tout pèp yo mache nan non dye pa yo, pou nou menm, nou va mache nan non SENYÈ Bondye nou an jis pou tout tan e pou tout tan.


Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.


Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li.


Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.


pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.


Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.


Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.


跟着我们:

广告


广告