Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.
Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. Yon travay ki fèt sou chabon limen. Li fòme li ak mato, e travay li ak bra li ki fò. Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; li pa bwè dlo e li vin fatige.
Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.